Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 12:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Ejipsyen yo ak ijans menm, te ankouraje pèp la pou kite peyi a byen vit, paske yo te di: “Nou tout pral mouri.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Moun peyi Lejip yo te cho cho dèyè moun pèp Izrayèl yo pou fè yo prese kite peyi a. Yo t'ap di: — Si nou pa ale, nou tout ap mouri!

Gade chapit la Kopi




Egzòd 12:33
9 Referans Kwoze  

Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”


Égypte te kontan lè yo te sòti, paske laperèz yo te fin tonbe sou yo.


Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye a yo a. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?”


Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Yon malè anplis Mwen va fè rive sou Farawon, ak sou Égypte; apre sa li va kite nou sòti isit la. Lè li kite nou ale, anverite li va pouse nou ale sòti isit la nèt.


Yo te kwit pat farin ke yo te fè sòti an Égypte yo, e yo te fè gato ak pen san ledven yo. Li pa t leve, akòz ke yo te chase sòti an Égypte, e yo pa t kab pran reta, ni yo pa t prepare okenn manje pou yo menm.


SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”


Nou p ap kite ak gran vites, ni nou p ap kouri devan moun; paske SENYÈ a va ale devan nou e Bondye Israël la va fè gad an aryè.


Pou rezon sa a, akoz lòd a wa te byen ijan e founo a te vin tèlman cho, flanm dife a te touye mesye ki te pote, fè monte, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite