Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 8:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Farawon te di: “M ap kite nou ale, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye pa w la nan dezè a; men nou p ap prale lwen. Priye pou Mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Farawon an di li: — Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Senyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 8:28
13 Referans Kwoze  

Wa a te di a nonm Bondye a: “Souple, fè yon lapriyè a SENYÈ a, Bondye ou a e mande pou mwen, pou men m kapab vin restore a mwen menm.” Konsa, nonm Bondye a te priye a SENYÈ a, epi men a wa a te restore de li menm. Li te vin jan li te ye avan an.


pou yo kab ofri sakrifis agreyab a Bondye syèl la, e priye pou lavi a wa a avèk fis li yo.


Alò, pou sa, souple padone peche mwen yo sèlman pou fwa sa a, e fè lapriyè pou mwen bay SENYÈ a, Bondye nou an, pou Li ta sèlman retire lanmò sa a sou mwen.”


Men Mwen konnen ke wa Égypte la p ap kite nou ale, sof ke pa lafòs.


Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


Alò, Moïse te di: “Gade byen, Mwen ap sòti devan ou, mwen va priye a SENYÈ a pou desant mouch yo sòti sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a demen; men pinga kite Farawon aji an desepsyon ankò pou refize kite pèp la ale pou fè sakrifis a SENYÈ a.”


Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”


Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.”


Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l.


Yo te di a Jérémie, pwofèt la: “Souple, kite demand nou an vin parèt devan ou, e priye SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou; pou tout retay sa a, akoz nou se sèlman kèk grenn ki rete pami anpil nan nou, jan zye ou konn wè nou an,


Kè yo vin divize. Koulye a, yo gen pou pote pwòp koupabilite yo. SENYÈ a va kraze lotèl yo. Li va detwi pilye sakre yo.


Men Simon te reponn e te di: “Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite