Wa a te kòmande tout pèp la. Li te di: “Selebre fèt Pak SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan liv akò sila a.”
Egzòd 12:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Pak SENYÈ a. 1998 Haïtienne Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l: n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l prese prese, paske se lè sa a Senyè a ap pase. |
Wa a te kòmande tout pèp la. Li te di: “Selebre fèt Pak SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan liv akò sila a.”
San an va yon sign pou nou sou kay kote nou rete yo. Lè Mwen wè san an, Mwen va pase sou nou, e nanpwen touman k ap rive nou, ni detwi nou lè Mwen frape peyi Égypte la.
Alò, Moïse te rele tout ansyen Israël yo e te di yo: “Ale pran pou nou menm jenn mouton yo selon fanmi nou, e touye jenn mouton Pak la.
Nou va di: ‘Sa se yon sakrifis Pak la pou SENYÈ a ki te pase sou kay a fis Israël yo nan Égypte lè Li t ap frape Ejipsyen yo, men te epanye lakay nou.’” Konsa, pèp la te bese ba, e te adore.
SENYÈ a te di a Moise avèk Aaron: “Sa se òdonans Pak la. Okenn etranje pa pou manje li;
Nou p ap kite ak gran vites, ni nou p ap kouri devan moun; paske SENYÈ a va ale devan nou e Bondye Israël la va fè gad an aryè.
“‘“Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, ou va fè Pak la, yon fèt pandan sèt jou; pen san ledven va manje.
SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a, nan premye mwa nan dezyèm ane a lè yo te fin sòti nan Égypte la. Li te di:
“Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit pote pi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li.
Li te kanpe dèyè Li, kote pye Li. Pandan l ap kriye, li te kòmanse mouye pye Li avèk dlo ki sòti nan zye li, epi siye yo avèk cheve li. Li te kontinye siye yo avèk cheve tèt li e bese nan pye Li, pou onksyone yo avèk pafen an.
Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.
“Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib la, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan.
Pandan fis Israël yo te rete Guilgal, yo te obsève Pak la nan lannwit katòzyèm jou nan mwa a nan plèn dezè a Jéricho a.
Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a—