Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 5:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Wete vye zoranj gate a nan mitan nou pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pat ki fèk bat, san vye ledven ladan li. Poudi vre, se sa menm nou ye deja, depi yo te krisifye Kris ki se verirtab fèt Pak nou an. Yo te sakrifye li pou nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Retire vye leven an nan mitan nou pou n ka tounen yon pat tou nèf. Dayè antan kwayan nan Kris nou se pen san leven, pen fèt Pak la. Kris la te sakrifye tankou ti mouton fèt Pak nou an.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 5:7
19 Referans Kwoze  

Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo,


Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.


k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”


“Pandan Sèt jou nou va manje pen san ledven, men nan premye jou a, nou va retire tout ledven ki nan kay nou yo. Paske nenpòt moun ki manje nenpòt bagay avèk ledven depi nan premye jou a jis rive nan setyèm jou a, moun sa va koupe retire nèt de Israël.


Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen.


Se te Jou Preparasyon pou Pak Jwif la. Li te anviwon sizyèm lè. Li te di a Jwif yo: “Men Wa nou!”


Nan premye jou Pen San Ledven an, lè jenn mouton Pak la t ap touye kon sakrifis la, disip Li yo te di Li: “Kote Ou vle nou ale fè preparasyon pou Ou kapab manje Pak la?”


epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a!”


Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.


Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”


Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite