Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 12:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 SENYÈ a te di a Moise avèk Aaron: “Sa se òdonans Pak la. Okenn etranje pa pou manje li;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Senyè a di Moyiz ak Arawon konsa: — Men prensip pou fete fèt Delivrans lan. Okenn moun lòt nasyon pa gendwa patisipe nan manje fèt la.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 12:43
9 Referans Kwoze  

Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, sepandan yo te manje Pak la yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: “Ke SENYÈ a kapab padone


Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Pak SENYÈ a.


“Men si yon etranje rete avèk nou, li selebre fèt Pak la bay SENYÈ a, ke tout mal gason li yo vin sikonsi, e kite li pwoche pou selebre li. Konsa, li va devni yon natif peyi a. Men okenn moun san sikonsisyon pa pou manje li.


Lè nou te mennen etranje yo antre, ensikonsi nan kè yo ak ensikonsi nan chè yo, pou antre nan sanktyè Mwen an, pou pwofane li, menm lakay Mwen an, lè nou te ofri manje Mwen an, grès ak san an; paske yo te anile akò Mwen an—tout sa, anplis de tout abominasyon nou yo.


“‘Okenn etranje pa pou manje kado sen an. Yon vwayajè k ap rete ak prèt la, oswa yon ouvriye pa pou manje nan kado sen an.


Men si fi a yon prèt vin vèv, oswa divòse, e pa gen pitit, si li vin retounen lakay papa li, tankou lè l te jèn, li va manje nan manje papa li; men moun deyò p ap kab manje li.


“‘Si yon etranje demere pami nou e li obsève Pak SENYÈ a, li gen pou fè l selon règleman a Pak la, ak selon òdonans li. Nou va genyen yon sèl règleman, ni pou etranje, ni pou natif peyi a.’”


sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan.


Alò, yon nonm Bondye te vin kote Éli e te di li: “Men konsa SENYÈ a pale: ‘Èske Mwen pa t vrèman revele Mwen menm a kay zansèt ou yo lè yo te an Égypte nan esklavaj lakay Farawon an?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite