Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Ebre 3:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo ke kò yo te tonbe nan dezè a?

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Ak ki moun Bondye te fache pandan 40 tan? Se ak tout sa yo ki te tonbe nan peche epi ki mouri nan dezè a.

Gade chapit la



Ebre 3:17
11 Referans Kwoze  

Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di: “Yo se yon pèp ki egare nan kè yo. Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”


Pale, “Konsa di SENYÈ a, “‘Kadav moun yo va tonbe tankou fimye bèt nan chan, tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la. Pèsòn p ap ranmase yo.’”


Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M.


“Di yo: ‘Jan Mwen vivan an, di SENYÈ a, mwen va fè pou ou tout bagay jan Mwen te tande ou di a.


Kadav nou yo va tonbe nan dezè sila a, menm tout mesye konte yo, nou tout soti nan ventan oswa plis, ki te bougonnen kont Mwen yo,


menm mesye sila yo ki te fè sòti rapò byen move a, yo te vin mouri akoz yon epidemi devan SENYÈ a.


Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.