Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 14:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 “Di yo: ‘Jan Mwen vivan an, di SENYÈ a, mwen va fè pou ou tout bagay jan Mwen te tande ou di a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Men sa pou ou di yo pou mwen: Se mwen menm menm, Senyè a, ki di sa. Menm jan nou wè m vivan an, mwen fè sèman sa nou te di k'ap rive nou an, se li k'ap rive nou vre.

Gade chapit la Kopi




Nonb 14:28
18 Referans Kwoze  

Kite pwòp zye pa li wè lè l pouri gate. Kite li bwè lakòlè Bondye.


Akoz sa, Li te sèmante a yo ke Li ta jete yo nan dezè a,


Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen, “Anverite, yo p ap antre nan repo Mwen an.”


Paske Mwen menm, SENYÈ a va pale e nenpòt pawòl ke M di, va vin acheve. Sa p ap pran reta ankò, paske nan jou ou yo, O lakay rebèl, Mwen va pale pawòl la e Mwen va akonpli li,” deklare Senyè BONDYE a.’”


Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an.


Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron. Tout kongregasyon an te di yo: “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a!


men vrèman, jan Mwen viv la, tout latè va ranpli avèk laglwa SENYÈ a.


Pa gen youn nan yo k ap wè peyi ke M te sèmante a papa yo a, ni p ap gen nan sila ki te rejte M yo, k ap wè l.


Lè Moïse te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, pèp la te leve fè gwo lamantasyon.


‘Okenn nan mesye sa yo ki monte kite Égypte, ki gen laj plis ke ventan p ap wè peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob la; paske yo pa t swiv Mwen nèt,


“Epi SENYÈ a te tande son pawòl nou yo. Li te fache. Li te sèmante e te di:


‘Nanpwen youn nan mesye sa yo, jenerasyon mechan sila a, ki va wè bon peyi ke mwen te sèmante pou bay a zansèt nou yo.


“Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan.


Anplis, men a SENYÈ a te kont yo, pou detwi yo soti anndan kan an jiskaske yo tout te mouri.


Anverite, Mwen leve men M vè syèl la E Mwen di: Menm jan ke Mwen viv pou tout tan an,


Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo ke kò yo te tonbe nan dezè a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite