Li te leve zye li pou wè fanm yo, e li te di: “Se kilès? Sila yo ki avèk ou la a?” Epi Jacob te di: “Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.”
Ebre 2:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi ankò: “Mwen va mete konfyans Mwen nan Li.” E ankò: “Gade, Mwen menm avèk pitit ke Bondye te ban Mwen yo.” 1998 Haïtienne Li di ankò: M'a mete tout konfyans mwen nan Bondye. Apre sa, li di ankò: Men mwen ansanm ak tout pitit Bondye te ban mwen yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Li di ankò: “M ap mete konfyans mwen nan Bondye.” Epi li di: “Men mwen ak tout pitit Bondye ban mwen yo.” |
Li te leve zye li pou wè fanm yo, e li te di: “Se kilès? Sila yo ki avèk ou la a?” Epi Jacob te di: “Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.”
Joseph te di a papa li: “Sa yo se fis mwen yo, ke Bondye te ban mwen isit la.” Epi li te di: “Mennen yo isit souple, pou m kapab beni yo.”
Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila mwen twouve pwotèj la; boukliye e kòn delivrans mwen, sitadèl mwen ak refij mwen. Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.
SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
Mwen va di a SENYÈ a: “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an. Se nan Li mwen mete konfyans!”
Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”
Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.
Li mete konfyans nan Bondye. Kite Li sove Li koulye a, si Li vlè L; paske Li te di: ‘Mwen se Fis Bondye a’”.
“Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a.
Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen te devni papa nou akoz bòn nouvèl la.