Ebre 12:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo: “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a, ni vin febli lè nou korije pa Li; 1998 Haïtienne Eske se bliye nou gentan bliye pawòl Bondye te di pou ankouraje nou tankou pitit li? Pitit mwen, lè Bondye ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap fè ou repwòch, pa dekouraje. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Nou se pitit Bondye, men nou gen lè bliye pawòl ankourajman Bondye voye pou konsole kè nou: “Pitit mwen, lè Senyè a ap korije w. Pa pran sa alalejè, pa dekouraje. |
Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat, ke se nan nan fidelite, Ou te aflije mwen.
Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen, Mwen pa bliye règleman Ou yo.
Vin ranmase sajès! Ranmase bon konprann! Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
“Anverite, Mwen te tande Éphraïm ap kriye ak doulè: ‘Ou te fè m sibi chatiman. Mwen te sibi chatiman tankou yon jenn bèf ki poko fin donte. Mennen m pou m ka restore, paske se Ou menm ki SENYÈ a, Bondye mwen an.
Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen, yon nonmta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?
Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a?
Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.
Pami sila yo, se Hyménée ak Alexandre, ke mwen te livre a Satan pou yo kab aprann pou yo pa fè blasfèm.
Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin?
Men mwen ankouraje nou frè m yo, pou sipòte pawòl egzòtasyon sila a, paske mwen ekri nou brèvman.
Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.
“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.