Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 12:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo, e Li fwete tout fis ke L resevwa.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Paske Bondye pini moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Senyè a korije tout moun li renmen; li pini tout moun l aksepte kòm pitit li.”

Gade chapit la Kopi




Ebre 12:6
19 Referans Kwoze  

“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li, jis tankou yon papa konn korije fis nan sila li pran plezi a.


Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat, ke se nan nan fidelite, Ou te aflije mwen.


Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.


Beni se nonm ke Ou bay chatiman an, O SENYÈ, ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,


Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo.


Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis; pa nan kòlè Ou, sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.


Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.


Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.


Li bon pou mwen ke m te aflije, pou m te kab aprann règleman Ou yo.


Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.


Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwi la pou rete peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò.


Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a, ni rayi repwòch Li,


Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen, yon nonmta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?


Epi Élimélec, mari a Naomi an te mouri. Konsa, se li ki te rete avèk de fis li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite