Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 12:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap pini nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm pini pitit li?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Konsa, sipòte soufrans tankou yon pitit papa l ap korije. Bondye trete nou tankou pitit li. Ki pitit yon papa pa janm korije?

Gade chapit la Kopi




Ebre 12:7
16 Referans Kwoze  

Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo.


Papa li pa t janm konfwonte li nan okenn moman pou di: “Poukisa ou fè sa?” Li te osi yon bonòm byen bèl e te ne apre Absalom.


Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.


Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa; pa chache lanmò li.


Foli mare nan kè a yon timoun; baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.


Baton ak repwòch bay sajès; men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.


Korije fis ou e li va ba ou rekonfò; anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.


La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”


Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.


Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.


Poukisa ou voye pye kont sakrifis Mwen ak sou ofrann ke M te kòmande nan kay abitasyon Mwen an, e bay onè a fis ou yo plis ke Mwen menm lè nou fè nou menm gra avèk pi bèl chwa a chak ofrann pèp Mwen an, Israël?’


Sa va yon sign pou nou menm ki va vini konsènan de fis ou yo, Hophni avèk Phinées: Nan menm jou a, yo toude va mouri.


Paske Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e li pa t repwoche yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite