Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 12:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Dayè, nan batay n ap mennen kont peche a, nou pako rive nan pwen kote lanmò se sèl bon chwa ki rete.

Gade chapit la Kopi




Ebre 12:4
12 Referans Kwoze  

“Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.


Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.


Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.


ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.


Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an pou pote repwòch Li yo.


Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.


Konsa, mwen te wè fanm nan sou avèk san a sen yo, e avèk san a temwen Jésus yo. Lè mwen te wè l, mwen te etone anpil.


Nan li menm te twouve san a pwofèt ak sen yo, ak tout sila ki te touye sou latè yo.”


Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite