Detewonòm 32:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè Pi Wo a te bay nasyon yo eritaj yo, lè Li te separe fis a lòm yo, Li te etabli lizyè a tout pèp la Selon kantite a fis Israël yo. 1998 Haïtienne Lè Bondye ki anwo nan syèl la t'ap bay chak nasyon pòsyon ki pou yo, lè li t'ap bay kote pou chak moun rete sou latè, li fikse fontyè tout peyi dapre kantite moun li te mete sou latè. |
Konsa, te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize. Epi frè l la te rele Jokthan.
Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan teritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo.
Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li. Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.
Dekrèt sa a se dekrè a sila ki t ap veye yo, epi desizyon sa a se yon lòd a sila ki sen yo, pou tout sila k ap viv yo kapab konnen, ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, epi Li va bay li a nenpòt moun Li pito, epi Li va ranje bay li sou moun ki pi ba yo.
Akoz sa, nou p ap gen pèsòn ki va tann lign mezi pou fè tiraj osò nan asanble SENYÈ a.
“Jan mwen konn wè li soti anwo nan pwent wòch yo, e mwen gade li depi sou kolin yo. Gade byen, yon pèp ki rete apa, ki p ap kab konte pami nasyon yo.
Li di ki tande pawòl Bondye yo, ki gen konesans a Trè Wo a, ki wè vizyon a Toupwisan an, k ap tonbe, men ak zye li ki gen tan fin ouvri.
“Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;
Konsa, Israël viv ansekirite, sous Jacob ki mete apa a, nan yon peyi sereyal avèk diven nèf. Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.