Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 7:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li. Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 (18) Mwen menm, m'ap di Senyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Senyè a ki anwo nan syèl la.

Gade chapit la Kopi




Sòm 7:17
19 Referans Kwoze  

Konsa, san sa a vin tonbe sou tèt Joab avèk tout lakay papa li. Epi pou ta genyen toujou lakay li yon moun ki gen ekoulman, oswa lalèp, oswa ki oblije mache ak baton, oswa ki tonbe pa nepe, oswa ki manke pen.”


SENYÈ a va fè san li retounen sou pwòp tèt li, akoz li te tonbe sou de mesye ki te pi dwat e pi bon ke li menm yo. Li te touye yo avèk nepe, pandan papa m, David pa t konnen: Abner, fis a Ner a, chèf lame Israël la ak Amasa, fis a Jéther a, chèf lame a Juda.


Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.


Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo. Ladwati Li dire jis pou tout tan.


Kite chabon tou limen vin tonbe sou yo. Kite yo jete nan dife, nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.


Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou. Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.


Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou avèk lwanj Ou tout lajounen.


Delivre mwen de koupabilite san vèse a, O Bondye, Bondye a sali mwen an. Konsa, lang mwen va chante avèk jwa selon ladwati a Ou menm nan.


Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou; Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.


Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a, pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,


Men Ou menm O SENYÈ, Ou an wo jis pou tout tan.


SENYÈ a te fè sali Li rekonèt. Li te devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè.


Dekrèt sa a se dekrè a sila ki t ap veye yo, epi desizyon sa a se yon lòd a sila ki sen yo, pou tout sila k ap viv yo kapab konnen, ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, epi Li va bay li a nenpòt moun Li pito, epi Li va ranje bay li sou moun ki pi ba yo.


Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito.


Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an; Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.


“Poutan Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a:


jiskaske vyolans ki te fèt a swasann-dis fis Jerubbaal yo te kapab remonte e san pa yo ta kapab vin poze sou Abimélec, frè yo a, ki te touye yo, ak sou mesye Sichem yo, ki te ranfòse men li pou l ta kab touye frè li yo.


Bondye te retounen tout mechanste a mesye Sichem yo sou pwòp tèt pa yo, epi madichon Jotham nan, fis Jerubbaal la, te vin sou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite