Mwen pa moun lakòlè. Men si Mwen ta jwenn raje ak pikan yo, Mwen ta fè batay! Mwen ta mache sou yo, e brile yo nèt.
Amòs 7:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren nan. 1998 Haïtienne Se konsa, Senyè a, Bondye a, fè m fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Senyè a t'ap voye yon dife pou l devore pèp la pou pini l. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t'ap devore tout jaden. |
Mwen pa moun lakòlè. Men si Mwen ta jwenn raje ak pikan yo, Mwen ta fè batay! Mwen ta mache sou yo, e brile yo nèt.
O lakay David, konsa pale SENYÈ a: ‘Aji ak jistis chak maten. Delivre moun ki te vòlè devan pouvwa a sila ki te oprime l la, pou gwo kòlè Mwen pa sòti deyò kon dife e brile yon jan pou okenn pa ka etenn, akoz mechanste a zak yo.
Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepuce kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo.
Di a peyi Israël la: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen vin kont nou. Mwen va rale nepe Mwen nan fouwo, e Mwen va koupe retire de nou moun dwat yo ak mechan yo.
A Ou menm, O SENYÈ, Mwen kriye; paske dife fin devore patiraj nan savann yo, e flanm dife fin brile tout pyebwa nan chan yo.
Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.
“Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt, jan Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe. Nou te tankou yon bout bwa byen cho ki te rache soti nan dife; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
Chache SENYÈ a pou nou ka viv, sinon Li va eklate kon dife nan lakay Joseph, e li va devore san pa gen okenn moun ki pou etenn li Béthel.
Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la.
Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L.
Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.
Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte chalè kòlè Li? Se tankou dife kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.
Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. Li manje latè a avèk tout don li yo, e limen dife a nan fondasyon mòn yo.
Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: “Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”