Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 16:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile de san senkant mesye ki te ofri lansan yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 Menm lè a tou, Senyè a voye yon sèl dife ki devore tout desansenkant (250) mesye ki t'ap ofri lansan yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 16:35
14 Referans Kwoze  

Konsa, yon gwo dife te vin monte nan mitan konpanyen yo. Flanm nan te manje mechan yo.


Bondye nou vin parèt. Li pa rete an silans. Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.


Epi te kanpe devan yo, swasann-dis lansyen a lakay Israël yo, e Jaazania, fis a Schaphan an, te kanpe nan mitan yo, chak moun ak pwòp veso lansan li, e odè nwaj lansan an a t ap leve.


Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.


menm mesye sila yo ki te fè sòti rapò byen move a, yo te vin mouri akoz yon epidemi devan SENYÈ a.


Chak nan nou pran veso dife li, mete lansan sou li, e chak nan nou pote veso lansan an devan SENYÈ a, de-san-senkant veso dife; osi ou menm avèk Aaron va chak pote veso dife pa li a.”


epi yo te vin souleve devan Moïse. Ansanm avèk kèk nan fis Israël yo, de-san-senkant nan chèf kongregasyon an, mesye ki te byen rekonèt, ki te chwazi pa asanble a,


Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”


SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


Men sila ki te mouri nan gwo epidemi yo te katòz-mil-sèt-san (14,700), anplis sila ki te mouri akoz Koré yo.


epi tè a te vin ouvri bouch li e te vale yo ansanm avèk Koré, lè konpanyen sa yo te vin mouri, lè dife a te devore de-san-senkant (250) mesye. Konsa, yo te devni yon egzanp.


Men Nadab avèk Abihu te mouri devan SENYÈ a lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a nan dezè Sinaï a. Yo pa t gen pitit. Konsa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kòm prèt pandan papa yo, Aaron, t ap viv.


Si yon moun vle fè yo mal, dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite