Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Miche 1:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Mòn yo ap fonn anba pye l tankou lasi nan dife. Y'ap koule desann nan fon yo tankou lavalas k'ap desann mòn.

Gade chapit la Kopi




Miche 1:4
12 Referans Kwoze  

Mòn yo tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann.


Mòn yo fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a, devan prezans SENYÈ tout latè a.


Mòn yo te wè, Ou e yo te tranble. Flèv dlo yo te kouri desann. Pwofondè a te gwononde. Li te leve men l anlè.


Li te kanpe; tè a te sikwe. Li te gade; nasyon yo te etone. Wi, lansyen mòn yo te vin detwi, ansyen kolin yo te vin efondre. Chemen li yo dire jis pou tout tan.


Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki touche tè a pou li fann, e tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la.


“SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir, lè Ou te mache soti nan chan Édom an, tè a te tranble e syèl la te fonn, menm nwaj yo te degoute dlo.


Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.


Nan jou sa a, pye Li va poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid.


Kon lafimen konn chase, konsa, chase yo. Kon lasi kon fonn devan dife, konsa, kite mechan yo peri devan Bondye.


Nasyon yo te fè gwo boulvèsman. Wayòm yo te souke. Li te leve vwa l e latè te fonn.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite