Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jowèl 2:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Mwen va montre mèvèy yo nan syèl la ak sou tè a: san, dife, ak gwo kolòn lafimen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Mapral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a. Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen.

Gade chapit la Kopi




Jowèl 2:30
16 Referans Kwoze  

epi li te gade anba vè Sodome avèk Gomorrhe, vè tout teren nan vale a. Li te wè, e gade byen, lafimen te monte tankou lafimen ki sòti nan founo.


Se kisa k ap monte kite dezè a tankou pilye lafimen yo, byen pafime ak fèy bazilik ak lansan, plen ak poud santi bon machann yo?


Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”


Nan jou sa a p ap gen limyè, ni fredi, ni glas sou tè.


“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.


Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la.


Lè mesye Aï yo te gade an aryè, vwala, lafimen vil la te vin leve rive jis nan syèl la. Konsa, yo pa t gen kote pou sove ale, ni isit, ni la, paske moun ki t ap sove ale vè dezè yo te vire kont sila ki t ap swiv yo.


“E yo t ap kriye anmwey lè yo te wè lafimen dife li a, e t ap di: “Ki vil ki tankou gran vil sila a?”


“Epi wa latè yo ki te komèt zak imoralite e ki te viv selon lachè avè l yo, va kriye e lamante sou li lè yo wè lafimen monte pandan l ap brile a.


Premye a te sone, epi te vin parèt lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.


Alò, siyal ki te prevwa antre mesye Israël yo ak mesye anbiskad yo se te ke yo ta fè yon gran nwaj lafimen leve sòti nan vil la.


Men lè nwaj la te kòmanse leve sòti lavil la tankou yon pilye gwo lafimen, Benjamit yo te gade dèyè yo; epi gade byen, nan tout vil la, lafimen t ap monte vè syèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite