Epi li va ye, ke si ou koute tout sa ke M kòmande ou, mache nan vwa Mwen yo, fè sa ki dwat nan zye Mwen, e swiv règleman Mwen yo avèk kòmandman Mwen yo jan sèvitè Mwen David te fè a, alò, Mwen va avèk ou pou bati pou ou yon kay k ap dire, jis jan ke M te bati pou David la, e Mwen va bay Israël a ou menm.
Li te fè sa paske David te fè sa ki te dwat nan zye a SENYÈ a, e li pa t vire akote de nenpòt sa ke Li te kòmande li pandan tout jou lavi li, sof ke ka a Urie a, Etyen an.
Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a.
“Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.