Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 34:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 34:1
18 Referans Kwoze  

Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’”


Alò wa a te voye rasanble vè li menm tout ansyen Juda ak Jérusalem yo.


Joas te gen laj setan lè l te devni wa, e li te renye pandan karantan Jérusalem, Non manman li te Tsibja soti nan Beer-Schéba.


Tout pèp Juda a te pran Ozias, ki te genyen laj a sèzan e te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia.


Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem.


Men pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo a kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.


Yon jennjan ki malere men ki gen sajès, miyò pase yon ansyen wa ki ensanse, e ki pa konn resevwa konsèy.


Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an.


Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande.


Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye.


Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.


Imedyatman, sila ki te resevwa senk talan yo te fè afè avèk yo, e te ranmase yon lòt senk talan anplis.


Alò Samuel te fè sèvis devan SENYÈ a tankou yon jenn gason abiye ak yon efòd fèt ak len.


Alò, gason Samuel t ap grandi nan wotè ak nan favè avèk SENYÈ a e avèk tout moun.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite