Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 3:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Salomon reponn: — Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m, David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pat janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pat janm sispann fè l wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 3:6
24 Referans Kwoze  

“Li te di mwen: ‘SENYÈ a devan Sila mwen te mache a, va fè vwayaj ou a reyisi. Ou va pran yon madanm pou fis mwen an pami moun fanmi mwen yo, ak lakay papa m.


SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.


Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m. Selon ladwati mwen, Selon jan mwen pwòp devan zye Li.


“Ale e pale a sèvitè Mwen an, David: ‘Se konsa SENYÈ a pale, “Èske se ou menm ki ta dwe bati yon kay pou Mwen ta vin rete ladann?


Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’”


Li te fè sa paske David te fè sa ki te dwat nan zye a SENYÈ a, e li pa t vire akote de nenpòt sa ke Li te kòmande li pandan tout jou lavi li, sof ke ka a Urie a, Etyen an.


Pou SENYÈ a kapab akonpli pawòl ke li te pale konsènan mwen menm nan, lè l te di: ‘Si fis ou yo fè atansyon nan chemen pa yo, pou mache devan M nan verite avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo, ou p ap janm manke yon nonm pa ou sou twòn Israël la.’


Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”


E selon ou menm, si ou va mache devan Mwen tankou papa ou, David te mache a, nan entegrite a kè ou, avèk ladwati, e fè selon tout sa ke M te kòmande ou yo, e si ou va kenbe règleman Mwen yo, avèk òdonans Mwen yo,


“Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.


Salomon te reponn a Bondye: “Ou te aji avèk papa m David avèk anpil lanmou dous, e Ou te fè m wa nan plas li.


Reprann repo ou, O nanm mwen, paske Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.


Aji ak gras avèk sèvitè Ou a, pou m kab viv e kenbe pawòl Ou.


Mwen va chante a SENYÈ a, paske Li te aji ak bon kè avè m.


Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo; li ki pale verite a nan kè li a;


Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen;


Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.


Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite