Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 14:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Amatsia te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm selon tout sa ke Joas, papa li te konn fè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Li te fè sa ki dwat devan Senyè a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm jan ak Joas, papa l.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 14:3
16 Referans Kwoze  

Paske lè Salomon te vin vye, madanm li yo te vire kè li lwen apre lòt dye yo. Epi kè li pa t konsakre nèt a SENYÈ a, Bondye pa li a, jan kè David, papa li te ye a.


Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a.


Li te mache nan tout peche a papa li te fè devan li yo. Kè li pa t dedye nèt a SENYÈ a, Bondye li a, tankou kè a papa zansèt li a, David.


Alò, Salomon te renmen SENYÈ a. Li te mache nan tout règleman papa li yo, David, sof ke li te fè sakrifis e li te brile lansan nan wo plas yo.


Joas te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou li yo depi Jehojada, prèt la, te enstwi li.


Li te gen laj a venn-senkan lè li te devni wa, e li te renye vent-nèf ane Jérusalem. Manman li te rele Joaddan, yon moun Jérusalem.


Se sèl wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo.


Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo, David te konn fè.


Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a e li te mache nan tout chemen a zansèt papa li a, David, ni li pa t vire akote ni adwat, ni agoch.


Men apre lanmò Jehojada, ofisye Juda yo te vini bese ba devan wa a, e wa a te koute yo.


Joas te fè sa ki te bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou a Jehojada yo, prèt la.


O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouriyen, san enpòtans e san benefis.”


Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite