Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te abiye avèk yon efòd fèt ak len.
2 Samyèl 6:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt. 1998 Haïtienne Se konsa, li menm ak tout pèp Izrayèl la, yo pote Bwat Kontra Senyè a lavil Jerizalèm. Yo t'ap fè fèt, yo t'ap kònen twonpèt sou tout wout la. |
Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te abiye avèk yon efòd fèt ak len.
Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l.
Epi David te pale avèk chèf Levit yo, pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo.
Konsa David, avèk lansyen Israël yo, avèk kapitèn a dè milye yo, te ale pou pote fè monte lach akò SENYÈ a soti lakay Obed-Édom nan mitan yon gran rejwisans.
Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita.
mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a. Mwen va rejwi nan Bondye, sali mwen. Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.