Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 149 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Louwe SENYÈ a! Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.

2 Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a. Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.

3 Kite yo louwe non Li avèk dans! Kite yo chante lwanj a Li avèk tanbouren ak gita.

4 Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a. Li va anbeli enb yo avèk sali Li.

5 Kite fidèl yo leve wo nan glwa. Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.

6 Ke gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo, ak yon nepe file de bò nan men yo,

7 pou fè vanjans sou nasyon yo, avèk pinisyon sou lòt pèp yo;

8 pou mare wa yo ak chenn, ak moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,

9 pou egzekite sou yo jijman ki te ekri a. Sa se lonè de tout fidèl Li yo. Louwe SENYÈ a!

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite