Gade byen, Etyopyen an te rive e Etyopyen an te di: “Kite mèt mwen an, wa a resevwa bòn nouvèl; paske SENYÈ a te delivre ou nan jou sa a soti nan men a tout sila ki te leve kont ou yo.”
2 Samyèl 22:49 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo. Wi, Ou menm fè m leve anwo sila Ki vin leve kont mwen yo. Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo. 1998 Haïtienne Ou sove m anba men lènmi m yo. Ou wete m anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m anba ansasen yo. |
Gade byen, Etyopyen an te rive e Etyopyen an te di: “Kite mèt mwen an, wa a resevwa bòn nouvèl; paske SENYÈ a te delivre ou nan jou sa a soti nan men a tout sila ki te leve kont ou yo.”
Konsa, David te vin wè ke SENYÈ a te etabli li kòm wa sou Israël, ke Li te egzalte wayòm li an pou koz pèp Li a, Israël.
Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo. Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.
Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo. Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki fè rebèl kont mwen yo. Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.
Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak; Nan non Ou, nou va pile fè desann sila ki leve kont nou yo.
Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan? Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.
Dlo yo va koule nan bokit li yo, e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo. Wa li a va pi wo pase Agag, e wayòm li a va vin egzalte.
Li leve malere sòti nan pousyè. Li leve sila ki nan bezwen an soti nan pil sann nan, pou yo chita avèk prens yo, e jwenn yon chèz donè kòm eritaj. Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye. Li te plase lemond sou yo.