Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 18:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Gade byen, Etyopyen an te rive e Etyopyen an te di: “Kite mèt mwen an, wa a resevwa bòn nouvèl; paske SENYÈ a te delivre ou nan jou sa a soti nan men a tout sila ki te leve kont ou yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Apre sa, nonm peyi Letyopi a vin rive. Li di wa a: — Monwa, mwen gen bòn nouvèl pou ou! Jòdi a, Senyè a rann ou jistis. Li wete ou anba men tout moun ki te leve dèyè ou yo.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 18:31
11 Referans Kwoze  

Alò, Achimaats, fis a Tsadok la te di: “Souple, kite mwen kouri pote nouvèl la bay wa a ke SENYÈ a gen tan delivre li anba men lènmi li yo.”


Moun ladwati a va rejwi lè l wè vanjans lan. Li va lave pye li nan san a mechan yo,


Achimaats te rele e te di a wa a: “Tout bagay sòti byen.” Epi li te bese figi atè devan wa a, e li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te livre bay mesye ki te leve men kont mèt mwen an, wa a.”


“Se konsa pou kite tout lènmi Ou yo peri, O SENYÈ, men ke sila ki renmen Li yo vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.” Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.


Epi wa a te di: “Mete ou akote e kanpe la.” Konsa, li te mete li akote e te kanpe tann la.


Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.” Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite