Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis.
2 Samyèl 17:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li. 1998 Haïtienne Lè Achitofèl wè yo pat sòti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l. Lè li fin regle tout zafè l, li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l nan kavo papa l. |
Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis.
Alò, yon moun te pale David e te di: “Achitophel se pami konplotè avèk Absalom yo.” Epi David te di: “O SENYÈ, mwen priye, redwi a foli tout konsèy a Achitophel la.”
Konsèy a Achitophel te konn bay nan jou sa yo te konsidere tankou si yon moun te mande konsèy a pawòl Bondye. Se te konsa tout konsèy Achitophel te ye pou David ak Absalom.
Alò, David avèk tout moun ki te avèk li yo te leve janbe Jourdain an. Lè solèy te vin leve, pa t gen youn ki rete ki pa t janbe Jourdain an.
Lè Zimri te wè vil la te tonbe, li te monte nan sitadèl lakay wa a. Li te brile lakay wa a sou pwòp tèt li avèk dife, e li te mouri.
Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv.’”
Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo, ak sila ki pale mal kont nanm mwen yo.
Kenbe yo koupab, O Bondye. Selon pwòp manèv pa yo, kite yo tonbe! Nan fòs kantite peche yo pouse yo deyò, paske se rebèl yo ye kont Ou.
Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. Moun ki vèse san e ki bay manti p ap rive fè mwatye nan jou yo. Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.
Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’”
Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan santyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.