Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 17:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Alò, David avèk tout moun ki te avèk li yo te leve janbe Jourdain an. Lè solèy te vin leve, pa t gen youn ki rete ki pa t janbe Jourdain an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l yo, yo janbe lòt bò larivyè Jouden. Lè bajou kase, yo tout te gentan lòt bò larivyè a.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 17:22
8 Referans Kwoze  

Pou pawòl ke Li te pale a ta kapab akonpli: “Nan sa ke Ou te ban Mwen yo, Mwen pa t pèdi youn.”


Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.


Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l; men sila ki fou a avanse pou peye pri a.


Alò, David te rive Mahanaïm. Epi Absalom te travèse Jourdain an, li menm avèk tout mesye Israël yo avèk yo.


epi yo te di a Moïse: “Sèvitè nou yo te pran kontwòl a mesye lagè ki sou chaj nou yo, e nanpwen pèsòn pami nou ki pa la.


Li te vin rive lè yo te fin ale ke yo te monte sòti nan pwi a, yo te ale pale Wa David e yo te di David: “Leve, travèse dlo a byen vit paske Achitophel te bay konsèy kont ou.”


Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.


O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen. Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite