2 Wa 20:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv.’” Gade chapit la1998 Haïtienne1 Nan menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, yon maladi ki pa bay chans. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li. Li di: — Men sa Senyè a voye di ou. Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou. Gade chapit la |