Konsa, David te di a tout sèvitè ki te avèk li yo Jérusalem: “Leve e annou sove ale, paske si se pa sa, nanpwen nan nou ki va chape de Absalom. Ale vit, oswa li va rive sou nou byen vit, fè gwo malè rive sou nou e frape vil la avèk lam nepe.”
2 Samyèl 17:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, pou sa, voye vit pale David e di: ‘Pa pase nwit lan kote ki pou janbe dlo rive nan dezè a, men fè sèten ke nou janbe, oswa wa a avèk tout moun ki avèk li yo va vin detwi.’” 1998 Haïtienne Kounyeya, prese voye komisyon bay David. Di li pa rete pase nwit nan plenn dezè a. Se pou l al pi lwen toujou pou yo pa touye l ansanm ak moun pa li yo. |
Konsa, David te di a tout sèvitè ki te avèk li yo Jérusalem: “Leve e annou sove ale, paske si se pa sa, nanpwen nan nou ki va chape de Absalom. Ale vit, oswa li va rive sou nou byen vit, fè gwo malè rive sou nou e frape vil la avèk lam nepe.”
Èske Tsadok avèk Abiathar se pa prèt ki avèk ou la a? Pou sa, nenpòt sa ou tande soti lakay wa a, ou va bay rapò a Tsadok avèk Abaithar, prèt yo.
Pa kite yo di nan kè yo: “Men konsa, men sa nou pi pito a!” Pa kite yo di: “Nou gen tan fin vale li nèt!”
Lènmi m yo vle vale m tout lajounen. Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.
Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen. Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl.
Jonathan te rele jennonm nan: “Pa mize, fè vit, pa fè reta!” Epi jennonm Jonathan an te pran flèch la e te retounen vè mèt li.