2 Samyèl 15:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi David te monte pant a Mòn Oliv la. Li t ap kriye pandan li t ap monte, tèt li te kouvri e li te mache pye atè. Alò, nan tout moun ki te avèk li yo, chak moun te kouvri tèt yo e t ap monte avèk gwo kriye pandan yo t ap prale. 1998 Haïtienne David menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t'ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t'ap mache dèyè l yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t'ap kriye. |
Wa a te kouvri figi li e te kriye fò avèk yon gwo vwa: “O fis mwen, Absalom, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”
Alò, Joab te antre nan kay la vè wa a. Li te di: “Jodi a, ou te kouvri avèk lawont tout figi a tout sèvitè ou yo, ki, jodi a, te sove lavi ou, lavi a fis ou yo ak fi ou yo, lavi a madanm ou yo ak lavi a ti mennaj ou yo,
Konsa, Mardochée te retounen nan pòtay a wa a, men Haman te kouri byen vit pou rive lakay li avèk kri doulè, ak tèt li kouvri.
Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit. Pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye ou a?”
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? E poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye! Paske m ap louwe Li ankò: O sove m, soutyen mwen an, ak Bondye m.
Plenn nan gòj san fè bri. Pa fè dèy pou mò. Mare moso twal long ou nan tèt ou, mete soulye nan pye ou. Pa kouvri bouch ou e pa manje pen fè dèy a.”
Tiban nou va sou tèt nou e soulye nou nan pye nou. Nou p ap fè dèy, ni nou p ap kriye; men nou va plenyen nan inikite nou yo e nou va plenyen youn bay lòt.
Nan jou sa a, pye Li va poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid.
Lè L te pwoche Bethphagé ak Béthanie, toupre mòn ki rele Mòn Oliv la, Li te voye de nan disip Li yo devan.
Lè L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te wè yo.
Alò pandan jounen an, Li t ap enstwi nan tanp lan; men nan aswè, Li te konn ale deyò pou pase nwit lan sou mòn ki rele Olivye a.
Li te sòti, e te kontinye kòm abitid Li, vè Mòn Olivye a. Disip Li yo osi te swiv Li.
Alò, yo te retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba.
Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.