Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 14:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Fanm nan te di: “Alò, poukisa ou te fè yon move plan konsa kont pèp Bondye a? Paske nan pale pawòl sila a, se wa a ki koupab, kòmsi wa a pa mennen retounen sila li te ekzile a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Fanm lan di l konsa: — Poukisa ou fè move lide sa a sou pèp Bondye a? Ou pa vle kite pwòp pitit gason ou lan tounen nan peyi a. Jan ou sot pale a, ou kondannen pwòp tèt ou.

Gade chapit la



2 Samyèl 14:13
7 Referans Kwoze  

Alò, Nathan te di David: “Mesye a se ou menm! Konsa di SENYÈ a, Bondye a Israël la: ‘Se Mwen ki te onksyone ou kòm wa sou Israël e se mwen ki te delivre ou soti nan men a Saül.


Alò, fanm nan te di: “Souple kite sèvant ou an pale yon mo ak mèt mwen, wa a.” Li te di: “Pale”.


Alò pou sa, konsa ou va di a sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo; Mwen te pran ou soti nan patiraj la, soti nan swiv mouton, pou devni yon chèf sou pèp Mwen an, Israël.


Chèf a tout pèp yo, menm tout tribi an Israël yo, te vin kanpe nan asanble a pèp Bondye a, kat-san-mil sòlda a pye ki te rale nepe.