Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 12:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Alò, Nathan te di David: “Mesye a se ou menm! Konsa di SENYÈ a, Bondye a Israël la: ‘Se Mwen ki te onksyone ou kòm wa sou Israël e se mwen ki te delivre ou soti nan men a Saül.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Lè sa a, Natan di David: — Nonm sa a, se ou menm! Men mesay Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Mwen te fè ou wa pèp Izrayèl la. Mwen sove ou anba men Sayil.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 12:7
22 Referans Kwoze  

Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.


Konsa, Samuel te pran poban lwil la pou te onksyone li nan mitan frè li yo. Epi Lespri SENYÈ a te vini byen fò sou David depi jou sa a, ale nèt. Epi Samuel te leve pou te ale Rama.


David te pale pawòl a chan sila yoa SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül.


Li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te kite sòti nan men ou nonm ke mwen te dedye a destriksyon an; pou sa, lavi ou va ale pou lavi pa li e pèp ou a pou pèp pa li a.’”


Li te di: “Mwen pa t twouble Israël, men ou menm avèk lakay papa ou, akoz ou te abandone lòd SENYÈ yo pou ou te swiv Baal yo.


Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo. Wi, Ou menm fè m leve anwo sila Ki vin leve kont mwen yo. Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo.


Alò pou sa, konsa ou va di a sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo; Mwen te pran ou soti nan patiraj la, soti nan swiv mouton, pou devni yon chèf sou pèp Mwen an, Israël.


David te rete nan dezè a nan fòterès yo e li te rete nan peyi ti mòn dezè Ziph la. Epi Saül te chache li chak jou. Men Bondye pa t livre li nan men li.


Lè yo te pale a Saül ke David te vini Keïla, Saül te di: “Bondye te delivre li nan men m. Paske li te fèmen li menm andedan lè l te antre nan yon vil avèk pòtay doub ak fè fòje.”


Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”


Samuel te di: “Èske se pa vrè, ke malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo?


Samuel te di a Saül: “Ou te aji nan foli. Ou pa t kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande ou a. Paske SENYÈ a t ap vin etabli wayòm ou a sou Israël jis pou tout tan.


Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.


Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa.


Fanm nan te di: “Alò, poukisa ou te fè yon move plan konsa kont pèp Bondye a? Paske nan pale pawòl sila a, se wa a ki koupab, kòmsi wa a pa mennen retounen sila li te ekzile a.


Ale, pale Jéroboam: ‘Konsa pale SENYÈ a. Bondye Israël la: “Akoz Mwen te egzalte ou soti nan mitan pèp la, e te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël,


se ou menm, O wa! Paske ou te vin gran, e ou te vin fò; epi majeste ou te vin gran rive jis nan syèl la, e dominasyon ou jis rive nan dènye pwent latè.


Pandan sèvitè ou a te okipe pa isit e pa la, li te vin disparèt.” Epi wa Israël la te di li: “Se konsa jijman ou ap ye; se ou menm ki deside li.”


Epi Jérémie te pale tout pawòl sila yo a Sédécias, wa Juda nan Jérusalem


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite