Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 20:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Chèf a tout pèp yo, menm tout tribi an Israël yo, te vin kanpe nan asanble a pèp Bondye a, kat-san-mil sòlda a pye ki te rale nepe.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Tout chèf fanmi yo ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl la te sanble la devan Senyè a. Te gen katsanmil (400.000) sòlda apye antou.

Gade chapit la Kopi




Jij 20:2
9 Referans Kwoze  

Fanm nan te di: “Alò, poukisa ou te fè yon move plan konsa kont pèp Bondye a? Paske nan pale pawòl sila a, se wa a ki koupab, kòmsi wa a pa mennen retounen sila li te ekzile a.


Epi Joab te bay nimewo anrejistreman pèp la bay wa a. Te gen an Israël, ui-san-mil mesye vanyan ki te kapab rale nepe e mesye nan Juda yo te senk-san-mil.


Lè wa Moab la te wè ke batay la te twò mechan pou li, li te pran avèk li sèt-san mesye ki te rale nepe pou ouvri yon pasaj pou rive kote wa Édom an; men yo pa t kapab.


Lè fis Israël yo te vin tande sa a, tout asanble a fis Israël yo te rasanble yo nan Silo pou monte kont yo nan lagè.


Soti nan vil yo, nan jou sa a, fis Benjamin yo te monte ak venn-si-mil mesye ki te rale nepe, anplis moun Guibea ki te konte a sèt-san òm ekstrawòdinè.


Alò, lòt mesye Israël yo anplis Benjamin te konte nan kat-san-mil òm ki rale nepe. Tout sila yo se te moun lagè.


(Alò, fis a Benjamin yo te tande ke fis Israël yo te monte Mitspa.) Epi fis Israël yo te di: “Pale nou kijan mechanste sa a te vin rive?”


Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo, anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; paske sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe.


Li te konte yo nan Bézek e fis Israël yo te twa-san-mil e mesye Juda yo te trant-mil.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite