Men lè David te wè ke sèvitè li yo t ap pale an kachèt ansanm, David te apèsi ke pitit la te mouri. Pou sa, David te di a sèvitè li yo: “Èske pitit la mouri?” Yo te di: “Li mouri.”
2 Samyèl 12:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, David te leve soti atè a. Li te lave tèt li, li te onksyone kò l, e li te chanje rad li. Konsa, li te antre lakay SENYÈ a pou te adore. Epi li te vin nan pwòp kay li. Lè li te mande, yo te mete manje devan li pou l te manje. 1998 Haïtienne David leve atè a, l'al benyen, li penyen tèt li, li chanje rad sou li. Lale nan kay Senyè a, li lapriyè. Apre sa, li tounen lakay li, li mande pou yo sèvi l manje. Li manje. |
Men lè David te wè ke sèvitè li yo t ap pale an kachèt ansanm, David te apèsi ke pitit la te mouri. Pou sa, David te di a sèvitè li yo: “Èske pitit la mouri?” Yo te di: “Li mouri.”
Sèvitè li yo te di li: “Se ki bagay sa ou te fè a? Pandan pitit la te vivan an, ou te fè jèn e te kriye, men lè pitit la te mouri, ou te leve pou te manje.”
Pou sa, Joab te voye kote Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou.
EpiMéphiboscheth, fis a Saül la te desann rankontre wa a. Li pa t okipe pye li, ni taye moustach li, ni lave rad li, depi wa a te pati a jis rive jou ke li te retounen lakay li anpè a.
Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a.
Epi David, wa a, te antre chita devan SENYÈ a. Li te di: “Se kilès mwen ye, O Mèt BONDYE e se kisa lakay mwen ye, pou Ou te mennen mwen jis rive isit la?
Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore.
Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?” Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li.
Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.
Pou sa, lave kò ou, onksyone ou e mete pi bèl rad ou yo pou desann nan glasi vannen an. Men pa fè nonm nan konnen kilès ou ye jiskaske li fin manje ak bwè.