Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 103:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen! Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!

Gade chapit la Kopi




Sòm 103:1
19 Referans Kwoze  

Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”


Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans la osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans la osi.


Louwe SENYÈ a! Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.


Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo, nan tout kote nan wayòm Li an. Beni SENYÈ a, O nanm mwen!


Kite yo louwe non Ou ki gran e mèvèye; Se sen ke Li ye.


Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.


Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès, e bouch mwen ap ofri lwanj avèk lèv ranpli de jwa.


Paske Bondye se Wa a tout tè a. Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl.


Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.


Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m. Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.


Youn te rele a yon lòt epi te di: “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; tout latè plen ak glwa Li.”


Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”


Beni SENYÈ a, O nanm mwen! O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran. Ou abiye avèk bèlte ak majeste.


Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite