Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 19:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 EpiMéphiboscheth, fis a Saül la te desann rankontre wa a. Li pa t okipe pye li, ni taye moustach li, ni lave rad li, depi wa a te pati a jis rive jou ke li te retounen lakay li anpè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Mefibochèt, pitit pitit Sayil la, te vin kontre wa a tou. Depi jou wa David te kite lavil Jerizalèm lan jouk jou li te tounen san danje san malè a, Mefibochèt pat koupe bab li, ni li pat lave pye l, ni li pat lave rad sou li.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 19:24
12 Referans Kwoze  

Konsa, David te leve soti atè a. Li te lave tèt li, li te onksyone kò l, e li te chanje rad li. Konsa, li te antre lakay SENYÈ a pou te adore. Epi li te vin nan pwòp kay li. Lè li te mande, yo te mete manje devan li pou l te manje.


Epi David te monte pant a Mòn Oliv la. Li t ap kriye pandan li t ap monte, tèt li te kouvri e li te mache pye atè. Alò, nan tout moun ki te avèk li yo, chak moun te kouvri tèt yo e t ap monte avèk gwo kriye pandan yo t ap prale.


Alò, wa a te di: “Epi kote fis a mèt ou a?” Epi Tsiba te di a wa a: “Men vwala, li rete Jérusalem paske li te di: ‘Jodi a, lakay Israël la va restore wayòm papa m nan a mwen menm.’”


Epi Tsiba te di a wa a: “Selon tout sa ke mèt mwen, wa a, kòmande sèvitè li a, konsa sèvitè ou a va fè.” Konsa, Méphiboscheth te manje sou tab David la, tankou youn nan fis a wa yo.


“Veye byen, genyen avè wSchimeï, fis a Guéra a, Benjamit a Bachurim nan. Se te li menm ki te fè madichon sou mwen nan jou ke m te ale Mahanaïm nan. Men lè li te desann bò kote m nan Jourdain an, mwen te sèmante a li menm pa SENYÈ a. Mwen te di: ‘Mwen p ap mete ou a lanmò avèk nepe.’


SENYÈ a anplis te di a Moïse: “Ale vè pèp la, konsakre yo jodi a avèk demen, e kite yo lave vètman yo;


Yo fin monte nan tanp lan ak Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe.


ke katre-ven gason te sòti Sichem, Silo ak Samarie avèk bab yo retire nèt ak razwa, ak rad yo chire e kò yo blese, ofrann ak lansan nan men yo pou pote lakay SENYÈ a.


“Konsa, lè nou ap fè jèn, pa mete yon figi tris jan ipokrit yo konn fè a. Paske yo neglije aparans yo pou moun kapab wè ke y ap fè jèn. Anverite, yo deja twouve tout rekonpans pa yo.


Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.


Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite