2 Samyèl 11:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, David te di a Urie: “Desann lakay ou pou lave pye ou.” Epi Urie te desann sòti lakay wa, a e yon kado soti nan men wa a te voye ba li. 1998 Haïtienne Apre sa, li di Ouri: — Desann al lakay ou non! Al poze kò ou! Ouri sòti. David voye yon kado pou li lakay li. |
Epi li te di: “Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou, pou nou kapab leve bonè pou fè wout nou.” Malgre sa, yo te di: “Non, men nou va pase nwit lan nan lari a.”
Epi nonm nan te mennen mesye yo antre lakay Joseph. Li te bay yo dlo, e yo te lave pye pa yo. Li te bay bourik yo manje.
Li te pran pòsyon manje pa yo sòti nan pwòp tab li, men pòsyon Benjamin an te senk fwa plis ke tout lòt yo. Epi yo te manje e bwè, e fè kè kontan avèk li.
Pawòl li te pi dous pase bè, men ak kè, li te fè lagè. Pawòl li yo te pi dous pase lwil, men se nepe rale yo te ye.
Malè a sila ki kache plan yo byen fon pou SENYÈ a pa wè, e ki fè zak yo nan fènwa a, e y ap di: “Se kilès ki wè nou?” Oswa “Se kilès ki rekonèt nou?”
Lè Li vire vè fanm nan, Li te di Simon: “Èske ou wè fanm sa a? Mwen te antre lakay ou. Ou pa t ban M dlo pou pye Mwen, men li mouye pye M avèk dlo zye li, e li te siye yo avèk cheve li.
Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.