2 Kwonik 27:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi. 1998 Haïtienne Jotam te fè sa ki dwat devan Senyè a, tankou Ozyas, papa l, te fè. Tansèlman, li pat janm mete pwent pye l nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo. |
Achaz te gen laj a ventan lè l te devni wa e li te renye sèzan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, jan David, papa zansèt li a, te konn fè a,
Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin konwonpi.
Elas, yon nasyon plen peche, yon pèp peze avèk inikite, ras malfektè, fis ki fè zak konwonpi! Yo te abandone SENYÈ a; yo te meprize Sila Ki Sen Israël la. Yo te vire kite Li nèt!
Pou lòt yo, pa t gen pèsòn ki te gen kouraj pou vin jwenn avèk yo, men pèp la te bay yo lwanj.