Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 28:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Achaz te gen laj a ventan lè l te devni wa e li te renye sèzan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, jan David, papa zansèt li a, te konn fè a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pat fè sa ki dwat devan Senyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 28:1
12 Referans Kwoze  

Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak Ézéchias, wa Juda yo.


Achaz, fis pa li a; Ézéchias, fis pa li a; Manassé, fis pa li a;


Pou Ozias te fèt Jotham; e a Jotham, Achaz; a Achaz, Ézéchias;


Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.


Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.


SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo,


Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi.


Konsa, Jotham te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li lavil David. Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.


Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè.


Paske SENYÈ a te imilye Juda akoz Achaz, wa Israël la. Paske li te fè rive yon mank de lòd nan Juda e te manke fidèl anpil a SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite