Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 27:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Jotham te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye sèzan Jérusalem. Non manman li te Jeruscha, fis a Tsadok la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 27:1
9 Referans Kwoze  

Amatsia, fis pa li a: Azaria, fis pa li a; Jotham, fis pa li a;


Pou Ozias te fèt Jotham; e a Jotham, Achaz; a Achaz, Ézéchias;


Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.


Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.


Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak Ézéchias, wa Juda yo.


Li te gen venn-senkan lè l te vin wa e li te renye sèzan Jérusalem.


Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.


Konsa, Ozias te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li avèk papa zansèt li yo nan chan akote tonm ki te pou wa yo, paske yo te di: “Li gen lalèp”. Epi Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite