4 Li te fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a selon tout sa ke papa li, Amatsia te konn fè.
4 Ozyas te fè sa ki dwat devan Senyè a menm jan ak Amasya, papa l, te fè l.
Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, sepandan, pa avèk tout kè l.
Li te gen laj sèzan lè li te devni wa e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman l se te Jecolia, moun Jérusalem.
Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a; li te fè selon tout sa ke papa li, Ozias te fè.
Joas te fè sa ki te bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou a Jehojada yo, prèt la.
Ozias te gen sèzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman li te Jecolia, de Jérusalem.
Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.
Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi.
Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè.