2 Korent 9:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jan sa ekri a: “Li te gaye toupatou. Li te bay a malere yo. Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.” 1998 Haïtienne Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dèyè. L'ap toujou gen kè nan men. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jan Bib la di l la: “Yo pa t fè egoyis, yo te bay pòv yo. Bon bagay yo te fè a ap dire pou tout tan.” |
Li te bay ak jenewozite a pòv yo. Ladwati li dire jis pou tout tan. Kòn li va egzalte nan lonè.
Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman, e mit va manje yo tankou len. Men ladwati Mwen va jis pou tout tan, e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”
Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.
Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an.