3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li. Ladwati li dire pou tout tan.
3 Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
Gran richès twouve nan kay a moun dwat yo; men gwo twoub se salè a mechan an.
Lavi ki long va trouve nan men dwat li. Nan men goch li se richès ak lonè.
Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans. Lakrent SENYÈ a se trezò ou.
Li te bay ak jenewozite a pòv yo. Ladwati li dire jis pou tout tan. Kòn li va egzalte nan lonè.
kòm plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.
Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!
Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo. Ladwati Li dire jis pou tout tan.
Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman, e mit va manje yo tankou len. Men ladwati Mwen va jis pou tout tan, e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”
Epi zèv ladwati a va lapè, e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans k ap dire jis pou tout tan.
Ou va konnen ke tant ou an pwoteje, paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.
Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou, men sila ki chache SENYÈ yo, p ap manke okenn bon bagay.
Vini, pitit, koute mwen. Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la; men, moun san konprann nan vale tout.