Men pa gen lòt tankou Li; se kilès ki kab kanpe kont Li? Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
2 Korent 11:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. 1998 Haïtienne Men, m'ap toujou aji jan m'ap aji kounyeya, pou m pa bay moun k'ap chache okazyon pou yo fè grandizè chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil M ap kontinye kenbe l jan l ye kounye a. Konsa, mwen p ap bay okenn baz pou moun k ap chache okazyon pou yo vante tèt yo. Yo p ap jwenn okazyon pou yo ta di se menm kalite travay ak nou y ap fè. |
Men pa gen lòt tankou Li; se kilès ki kab kanpe kont Li? Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?
Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis? Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la.
Konsa, èske m te varye lè m te fè nou konnen entansyon sa a? Oswa sa ke m te propoze a, èske m te propoze li selon lachè? Konsa, li ta sanble wi e non ansanm k ap di nan menm lè a?
Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la.
Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè.
ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la.
Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.