Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 5:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Poudi bagay lèd sa a ka fè nou santi nou fyè! Nou konn pawòl la: Se yon zoranj pouri ki kontaminen tout lòt yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Pa vante tèt nou! Nou konnen deja: “Yon ti kras leven fè tout pat la leve.”

Gade chapit la Kopi




1 Korent 5:6
12 Referans Kwoze  

Yo tout se adiltè; yo tankou yon fou la ke bos boulanje sispann chofe, depi nan lè l ap petri Pat farin nan, jis rive lè pan an fin leve.


Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”


Se tankou ledven ke yon fanm te pran e mete nan twa mezi farin jiskaske tout te vin leve.”


Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati?


Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”


Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske tout bagay se pou nou menm,


Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.


Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve.


Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète:


Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite