Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 1:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Konsa, èske m te varye lè m te fè nou konnen entansyon sa a? Oswa sa ke m te propoze a, èske m te propoze li selon lachè? Konsa, li ta sanble wi e non ansanm k ap di nan menm lè a?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Lè m te fè lide sa a, eske mwen te twò prese? Lè m'ap pran yon desizyon, eske se avantaj pa m m'ap chache tankou tout moun kifè m ta gen de pawòl?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Èske nou panse mwen te fè plan sa yo menm jan ak lemonn? Oubyen, èske nou panse mwen fè yon plan mètdam, m ap di wi epi non an menm tan?

Gade chapit la Kopi




2 Korent 1:17
14 Referans Kwoze  

Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.


Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.


“Nou menm nou jije pa lachè, men Mwen p ap jije pèsòn.


Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.


Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm.


Pwofèt li yo se moun trèt san prensip. Prèt li yo te souye sanktyè a. Yo te fè vyolans a lalwa.


Yo te ba li swasann-dis pyès ajan soti lakay Baal-Berith, avèk sila Abimélec te anplwaye kalite mesye sanzave yo san kontwòl e yo te swiv li.


Paske nou tout te vle vin kote nou—mwen menm, Paul, plis ke yon sèl fwa—e malgre sa, Satan te anpeche nou.


Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven.


pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san.


Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè.


Akoz ke anpil moun vante tèt yo selon lachè, mwen va vante tèt mwen konsa tou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite