2 Korent 11:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la. Gade chapit la1998 Haïtienne9 Pandan tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pat sou kont pèsonn lè m te bezwen lajan, paske frè ki sòti Masedouàn yo te pote tou sa m te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont prekosyon m pou m pat sou kont nou yonn pou anyen, epi m'ap toujou pran menm prekosyon sa a. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil9 Epi lè m te lakay nou, mwen pa t sèvi fado pou pèsòn, menm lè m te nan bezwen. Frè ki te soti Masedwàn yo te ban m tout sa m te bezwen. Mwen pa t pèmèt pou tèt mwen, epi mwen p ap janm pèmèt pou tèt mwen ta yon fado pou nou. Gade chapit la |