Li te di: “O Senyè, Bondye a mèt mwen an, Abraham, souple, lese mwen twouve siksè jodi a, e montre lanmou ak dousè Ou anvè mèt mwen, Abraham.
2 Jan 1:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li, 1998 Haïtienne Si yon moun vin jwenn nou pou l moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Si yon moun vini bò kote w san kòmandman sa a, pa resevwa l lakay ou epi pa gen kominyon avè l. |
Li te di: “O Senyè, Bondye a mèt mwen an, Abraham, souple, lese mwen twouve siksè jodi a, e montre lanmou ak dousè Ou anvè mèt mwen, Abraham.
Li te di: “Mwen p ap kab retounen avèk ou, ni ale avèk ou, ni mwen p ap manje pen ni bwè dlo avèk ou nan plas sa a.
Ni sila ki pase yo, p ap di: “Ke benediksyon SENYÈ a rete avèk ou. Nou beni ou nan non SENYÈ a.”
Yo te voye lèt sa a avèk yo: “Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.
Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an!
Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e pa asosye nou avè l pou li kab vin wont.
Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.
Pou rezon sa, mwen va atire atansyon a zak sa yo ke li fè, lè l akize nou san jistis avèk pawòl yo ki mechan. Pa menm satisfè avèk sa li refize resevwa frè yo, epi li refize sa yo ki ta vle fè sa, epi mete yo deyò legliz la.