Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

2 Jan 1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Ansyen an ap salye nou. M ap voye lèt sa a bay dam Bondye te chwazi a ak tout pitit li yo. Mwen renmen nou tout anpil epi se pa sèlman mwen menm, men se tout moun yo ki konnen verite a ki renmen nou.

2 Nou renmen nou poutèt verite a, paske l ap viv nan nou, epi l ap toujou ak nou pou tout tan.

3 Se pou gras, mizerikòd ak kè poze ki soti nan Bondye Papa a, ak nan Jezikris pitit Bondye a avè w pandan ou ap mache nan verite a ak nan lanmou.

4 Mwen te kontan anpil dèske m te resevwa nouvèl kèk nan pitit ou yo k ap mache nan chemen an, jan Papa a te pase lòd pou sa fèt la.

5 Epi kounye a m ap mande w yon bagay, chè madam, se pa tankou m ap ekri w yon kòmandman nouvo, men se menm kòmandman an nou te aprann depi nan kòmansman an: se pou nou renmen nou youn lòt.

6 Lanmou vle di viv dapre lòd Bondye pase nou. Menm jan nou te tande kòmandman sa a, depi nan kòmansman an, se pou nou viv nan lanmou.

7 Paske genyen anpil fo doktè toupatou nan mond lan ki pa aksepte kwè Jezi te vini sou latè tankou yon moun toutbon vre. Enben, se moun kon sa yo k ap twonpe moun epi ki lènmi kris la.

8 Veye kò nou pou n pa pèdi rekonpans nou te travay pou li a. An n fè sèten nou resevwa tout salè nou.

9 Nenpòt moun ki pa obeyi kòmandman Kris la, ki ale pi lwen, moun kon sa pa gen kominyon ak Bondye. Moun ki rete nan ansèyman Kris la, moun sa a gen kominyon ak Papa a ansanm ak Pitit la.

10 Si yon moun vini bò kote w san kòmandman sa a, pa resevwa l lakay ou epi pa gen kominyon avè l.

11 Paske yon moun ki antre nan kominyon ak yon moun kon sa vin patisipe nan move zak l ap komèt.

12 Mwen genyen anpil bagay ankò pou m ta ekri w, men m pa vle fè sa sou papye ak lank, men mwen espere ale lakay ou pou nou ka pale fasafas. Konsa n ap kontan nèt.

13 Pitit sè w la, sila a Bondye te chwazi a, yo voye bonjou pou ou.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

@ 2017 Bible League International

Bible League International
Swiv nou:



Piblisite